02/01/2026
Jodya m vin klarifye yon bagay sou bay tete a tout manman tout fi ki gen pou manman, ki mòd de vi pou genyen lèw ap bay tete, kilè pou pa bay tete, ki konplikasyon ki ka genyen nan bay tete
sa enpòtan pou tout moun konnen pa neglije pataje tèks sa pou plis moun atenn epi koze bay tete pa sèlman konsène manman papa konsène tou
Lè timoun nan fenk fèt:
- kontak po a po an trè enpòtan
-manman ap chwazi pozisyon ki favorab pou li swa kouche oubyen chita, bebe an dwe an fas manman vant kont vant sa pèmèt bebe an byen rechofe...
-bouch bebe an dwe pran tout wonn fonse ki antoure pwent tete an , se pa sèlman pwent lan
-manman dwe bwè anpil dlo e manje anpil fwi a legim , li pa dwe fimen, li pa dwe bwè alkòl, li pa dwe pran kafe, nil pa bwè pran thé
-Pa jete premye lèt la li rele "colostrum" li rich an antikò ki pèmèt bebe an lite kont mikròb
Ki manman ki pa dwe bay tete?
-yon manman ki enfekte pa VIH ki pa aderan a tretman
-yon manman ki fè tibèkiloz
-si ti bebe an pa tolere galaktoz ki nan lèt la
-si manman fè kansè tete
-si manman ap pran medikaman tankou Lithium, amyodawòn, fenedyòn, Newomèkazòl, retinoyid, etc... si yon manman ap pran medikaman se spesyalis ki dwe ba li ,
Gen Konplikasyon ki konn genyen nan afè bay tete e map di nou kilè pou yo pa bay tete
Lè lèt konn paka monte problèm nan ka nan:
- tete an menm oubyen nan sekresyon òmonn( sibstans ki libere nan san ki pral aji a distans) ki pral favorize monte lèt la
-Bebe an ka al mal s***e tete an sonjem di nou se tout wonn tete an pou bouch li pran
La fòw al kay Doktè rapid pou evalyew, pa gen medikaman ki pral fè lèt monte
Lèt konn gonfle nan tete an se lè gen yon problèm nan fabrikasyon lèt la avèk ejeksyon lèt la pi souvan se nan 3 èm jou aprè akouchman, manman konn remake tete an di , li lage ,konn bay doulè , pi fi an konn gen fyèv
Fi an dwe al kay Dr sil ta remake sa
Pwent tete an konn gen twou sa reveye doulè , sa konn fèt se lè manman ap mal pozisyone bebe an, fòk nou monte manman sa yo kijan pou pozisyone tèt bebe yo
Tete an konn anfle pi souvan se nan yon sèl tete, tete an ka wouj, cho, e bay doulè e manman konn gen fyèv ,si lèt la gen pij manman sa yo dwe vide tete an jiskaske yo geri se sak fè yo dwe al kay Doktè pandan tan sa yo pou preskri yo lèt pandan sa yo
Tete an konn devlope absè manman gen doulè nan tete ,wouj, lage,cho li konn gen fyèv yo dwe kanpe tete an e al kay Dr
Sa poun konn lè nap bay tete fonn byen pozisyone bebe an epi byen pratike alèman
6 premye mwa yo bay tete sèlman e ou ka bay bebe an lòt ti manje aprè 6 mwa men ki lejè apati de 1 an ou ka bal manje nòmalman...sa konn reveye alèji lèw kòmanse bal gwo manje twò bonè
sevrel a 2 zan pa kanpe tete an yon sèl kou men fè sa gradyèlman , siw te konn bal 3 tete pa jou ralanti bal 2 epi nan lòt jou bal youn...jiskaskew kanpe
Pataje ti konesans sa yo a moun ki kotew
Like & pataje
Idantifye yon moun li avèw
Abone ak paj la siw te renmen enfòmasyon an ́