16/03/2026
02e Édition – Retraite Espirituelle des CDEJ HA0260 Centre de développement d'enfants et de jeunes de l'église wesleyenne de fontina ; CDEJ Ha0264 Maléguy ; Projet Ha Nan Mango Projet Palma Cdej Fond-Plaisir HA0602 Clusters Haut et Bas La Gonâve ✨
📖 THEME: UNE VIE NOUVELLE PAR LA RESURRECTION DU CHRIST
Romain 6 : 4
Nan kontinite vizyon travay ak fòmasyon espirityèl jèn yo, CDEJ des Clusters Haut et Bas La Gonâve òganize 2e Edisyon Retrèt Espirityèl li, yon espas refleksyon, pataj ak ranfòsman lafwa ant jèn ki sòti nan plizyè CDEJ.
Retrèt sa a se yon moman echanj fraternel, kote jèn yo ap gen opòtinite:
– reflechi sou lavi espirityèl yo,
– pataje eksperyans yo nan mache ak Kris la,
– ranfòse relasyon yo youn ak lòt,
– epi grandi ansanm nan konesans ak angajman kretyen.
🗓 27 pou rive 31 Mas 2026
📍 Legliz Wesleyèn d Ayiti – Fontina
(CDEJ HA0260)
📌 Aktivite ki pral anime retrèt la :
▪ Konkou biblik (pou ankouraje etid Pawòl Bondye)
▪ Konkou chan (pou valorize adorasyon ak talan jèn yo)
▪ Moman adorasyon
▪ Konferans tematik
▪ Moman evanjelizasyon
▪ Jwèt divès (pou ranfòse inite ak kòlaborasyon)
🤝 Retrèt la ap rasanble jèn ki sòti nan plizyè CDEJ sa yo :
HA0602, HA0260, HA0264, HA0267, HA0266, HA0853, nan yon lespri inifye, disiplin, respè ak lanmou fraternel.
Objektif prensipal retrèt sa a se pèmèt jèn yo viv yon eksperyans espirityèl ki solid, kote rezirèksyon Kris la vin tounen baz pou yon lavi renouvle, responsab ak angaje nan Legliz la ak nan sosyete a.
🙏🏽 Se yon tan apa, prepare ak anpil atansyon, pou bati jèn ki kanpe fèm nan lafwa yo.