29/01/2023
Ayiti vin yon savann,nenpot moun ka viktim ladann.
men kèk konsèy mwen pote pou nou.
1- pa chita fè baz bò lari.
2-pa pale avk nnpot moun sou pwoblèm peyi a.
3-lè ou monte machin pa pale nenpòt koze.
4-lè ou wè lapolis yon kote,evite pale nan telefòn pou anpil tan.
5-pa frekante nenpòt moun paske lari a pyeje.
6_lè wap sòti,evite mache ak anpil kòb sou ou.
7-pa kouri fè foto ak video lè ou wè yon aksyon dwòl ap pase nan lari a.
8-depi ou wè yon derapaj,pa kouri,prn sanw pito epi chache mete ou a labri.
9-pa prete zam moun pou ou fè video ou foto sou baz ilegal.
10-pa distrè ou nan telefòn lè ou nan laria.
11-Evite tande mizik nan kas ak gwo volim lè ou nan lari.
12-pa plede ap gade moun dwòl lè ou nan lari.
13-pa fikse moun ki gen move karaktè nan lari.
14-Evite sòti ak zanmi ki pa di ou ki kote li prale avew.
Merci Bonne soirée