30/11/2025
⭕️ENFO | Se yon lanmò ki endiye anpil moun sou rezo sosyal yo. Stephora Anne-Mircie Joseph, 11 lane, elèv « Da Vinci School », mouri pandan yon sòti lekòl li tap fè nan yon ranch nan Hacienda, Los Caballos, ki twouve l nan sektè Chichigua Gurabo, 14 novanm 2025 lan. Daprè enfòmasyon medya dominiken yo pataje, kote aktivite a tap fèt la se yon espas lwazi, ki konn resevwa diferan evènman tankou maryaj, anivèsè, batèm elatriye... Espas la gen yon gwo pisin, yon jakouzi, yon espas babekyou, pou n site sa yo sèlman. Jiskaprezan, sikonstans lanmò Stephora poko klè. Pandan yon enspeksyon sekirite nan espas la, Ministè Piblik ak Defans Sivil dominikèn di yo remake te gen yon absans ekip sovtaj pwofesyonèl, kit famasi, branka ak lòt eleman sekirite nesesè pou zòn pisin nan. Sou baz verifikasyon sa a, otorite yo pase lòd pou yo fèmen espas la tanporèman, pandan ankèt la ap avanse. 15 jou aprè, se yon silans total, ni bò kote leta, ni bò kote lekòl la. Manman viktim nan ki se Lovelie Joseph Raphael, fè konnen jiskaprezan li pa janm jwenn okenn eksplikasyon klè sou sa ki rive pitit fi li a | Passion Info Plus, Listín Diario