16/12/2022
Sezon Makaya a kòmanse 21 desanm epi fini 6 janvye, li kowenside ak solstis sezon fredi a ki se 21 desanm. Makaya nan lang Kikongo nan sivilizasyon Afriken Bantou a vle di "Fèy".
Makaya se fèstival pou pirifye pa fèy. Pandan sezon sa a, kay ak kote sakre yo netwaye ak fèy vèt fre, fanmi yo pran yon beny pirifye akeyi nouvo ane a. Beny sa a sèvi pou ekspye enèji negatif epi atire enèji pozitif nan nouvo ane a. Nan Vodou, Prèt yo beni pandan sezon sa a tout fèy ki pral sèvi pou trete maladi epi pouse move lespri yo.
makaya fèy