San filtè

San filtè Une page d'informations.

03/03/2025

Eben sa te fini trè Mal 😂

26/09/2024

Yo di'm diskou a bèl, m poko tande'l.
Misye tou jete dlo pou zansèt yo anndan l'ONU.

07/09/2024

Kèlkeswa jan dòmi an dous fò'w reveye.

03/09/2024

Pou'w vann fò'k ou gen machandiz men sitou fòk ou gen dyalòg.

Moun yo di yo se limyè. Limyè pa melanje ak fènwa. Ok!Kibò ou janm wè limyè ap kouri pou fènwa?Se fènwa ki kouri pou lim...
09/08/2024

Moun yo di yo se limyè. Limyè pa melanje ak fènwa. Ok!
Kibò ou janm wè limyè ap kouri pou fènwa?
Se fènwa ki kouri pou limyè.

Apa de pale anpil kisa nou apòte pou limanite? Ki Gran chanjman nou rive fè?
Men Ayiti ap koule la nou pa fouti fè eyap pou li!
Nou pito kreye plis divizyon.

Si gen pou limyè se òm de syans yo ki limyè. San yo menm yon anpoul pou klere legliz ou a pandan ou LIVE sou Facebook la ou pa ta'p janm genyen ni ka imajine.
Alevwa pou'w ta gen mikwo pou'w ap fè gwo gòj, pou w'ap fè awogan.

Si depi lontan moun te toujou satisfè ak sa relijyon rakonte yo, nou ta'p toujou ap viv tankou o mwayennaj, pa gen okenn envansyon serye ak dekouvèt ki t'ap janm fèt.
Si tout gran savan yo te kontante yo nan "dit tout à Jésus". Si tout pwoblèm ki te prezante yo te di se volonte Bondye oubyen se Satan. Si olye pou yo te panse fè tèt yo travay se priye yo ta'p priye, fè 40 jou jèn, jounen jodia gen anpil maladi nou pa ta'p ka trete. Pa ta'p gen avyon pou moun vwayaje. Pa ta'p preske gen anyen modèn pou fasilite lavi lòm sou tè a.
E Gran envantè sa yo pa moun legliz non. Amen?

Si gen pou limyè se gran ekriven yo ki limyè. Paske se yo ki fè nou konprann anpil bagay de lòm nan. Se yo ki souvan defann dwa moun, sitou dwa fanm paske la relijyon pran fanm pou yon èt enferyè. Se yo ki fè nou konprann lavi pi byen. Se sa'k fè relijyon pa renmen moun ki twò konn li, moun k'ap kesyone.

Si gen pou limyè se atis yo ki limyè. Yon moun tankou Emeline Michel k'ap chante lanmou. Ki ba nou tikal kè kontan ak lajwa sou tè sa. Imajine yon mond san mizik? Nou tout ta'p fou.
Oubyen mizik evanjelik sèlman? Lè ou ale nan yon plaj a fanmi'w, lè w'ap fè yon ti fèt lakay ou w'oblije ap tande Lochard Rémy? Sa vle di Bondye sa tèlman egoyis li pa vle nou enjoy menm, fòk nou toujou fokis sou li?

Yon kretyen ka limyè wi men l'ap on limyè fèb, mezi pou moun lakay li. Paske yo pa melanje.

Ça part en drame, l’orgueil est une maladieQuand des hommes et des femmes pensent avoir le monopole du ParadisF**k les r...
08/08/2024

Ça part en drame, l’orgueil est une maladie
Quand des hommes et des femmes pensent avoir le monopole du Paradis
F**k les religieux mégalos
J'préfère un athée qui s'comporte comme un croyant qu'un croyant qui se comporte comme un sa**ud.

08/08/2024

Karma has no menu, you got served what you deserve.

06/08/2024

Se oumenm ki pou pran desten'w an men.
Pa gen anyen ni pèsòn k'ap vin delivre'w.
Pa viv pou pèsòn.
Goumen pou rèv ou!

Il y a très longtemps je fus projeté hors de mon corps et j'ai voyagé librement dans l'immensité de l'éther pour encercl...
31/07/2024

Il y a très longtemps je fus projeté hors de mon corps et j'ai voyagé librement dans l'immensité de l'éther pour encercler les angles qui maintiennent l'homme dans sa prison. Oui, ce sont ses croyances, ses petits dogmes, ses rigidités qui sont autant d'angles et de point de vue qui le maintiennent prisonnier alors que moi je circule librement en tournant librement autour des idées et des concepts.

Sache, Ô homme, que tu n'es qu'esprit et pensée. Le corps n'est rien sinon une sensation dans laquelle se dissimulent tes intentions.
L'âme est tout; ne laisse pas ton corps devenir une chaîne. Repousse l'obscurité et déplace toi librement dans la Lumière. Dématérialise ton corps et deviens libre. Sois une lumière qui est UNE avec la LUMIERE.
-Extrait du livre: Les XV tablettes de Thoth (l'Atlante)

Mwen wè anpil moun sitou moun legliz. Sèvi ak maladi mesye a pou fè pwopagann yo e kreye plis divizyon ant Ayisyen. Se v...
29/07/2024

Mwen wè anpil moun sitou moun legliz. Sèvi ak maladi mesye a pou fè pwopagann yo e kreye plis divizyon ant Ayisyen.
Se vre nou rekonèt gen anpil movèz pratik an Ayiti.
Men anpil fwa se sipèstisyon. Peyi a pa gen lopital nenpòt maladi moun nan genyen ou tande se fè yo fè'l sa.
Mwen te wè yon blan nan hotel kote mtap travay vant li te pi gwo pase sa e li te gen yon pati ki pi sòti nan vant lan? Gen plizyè maladi ki ka lakoz: tankou timè, SCI etc.
Oumenm kijan'w fè gen certitude se vodouyizan ki fè'l sa? Eben se papa'w oubyen kèk pwòch ou k'ap manje'l? Ki doktè ki te dyagnostike'l? Ki ekzamen yo te fè pou li? Èske pastè a ki t'ap ekzibe'l la gentan geri'l deja?

Piga ou janm fanatik anyen, ni pèsòn. Paske depi'w fanatik ou ka aksepte tout bagay e yo ka pouse'w di oubyen fè nenpòt ...
28/07/2024

Piga ou janm fanatik anyen, ni pèsòn.
Paske depi'w fanatik ou ka aksepte tout bagay e yo ka pouse'w di oubyen fè nenpòt bagay "à tord ou à raison".

Ou ka admire yon moun oubyen travay li, men toujou kite yon grenn je ouvè.
Pa janm kite ou pèdi bon sans ou ak kapasite pou'w analize san fòs kote.
Yon fason pou'w pa tounen yon fou alye, yon alyene, yon moun san nanm san konsyans, yon zonbi k'ap suiv mèt li je fèmen.

Si w'ap chache direksyon pito'w suiv yon sèten prensip ki deja etabli, kèk valè moral ak lajistis. Bati pèsonalite'w sou bagay ki estab ki pa'p chanje " du jour au lendemain" olye pou'w ap suiv moun.
Moun chanje a nenpòt ki moman e nou konnen pèsòn pa pafè donk tout sa'l fè pa ka bon.

N.B. sa m'ap di la li vice versa: si'w pa renmen yon moun tou sa pa vle di tout sa'l fè pa bon. Rayi chen an di dan'l blan.

Théo Elane

Adresse

Rue Gabart
Pétionville
509

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque San filtè publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à San filtè:

Partager