Emmanuel LBSM Ayiti

Emmanuel LBSM Ayiti Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Emmanuel LBSM Ayiti, Épicerie, Lascirie prolonger Citez Dalencour, Saint-Marc.

12/02/2024
Fòk revolisyon an fèt
10/02/2024

Fòk revolisyon an fèt

10/02/2024

Viv ayiti
Mwen pral konprann nan ki mòd sèk mwen tap viv nan yon peyi tankou ayiti,yon peyi kote pa gen lespwa pou demen paske gouvènman moutre aklè ke lise yon lyon 10 tèt pou chak depatman.paske 7 fevriye pat yon dat beng de San men okontrè lite istorik, poutan 7 fevriye 2024 lapolis pral genyen tout materyèl pou goumen avèk pèp la,pandan yo paka rive la vilaj,kanaran,gran ravi'n,solino,bèlè,site solèy,taba,ti gwav,mòn kabrit,lakwa peris,kafou pèy pou site sayo sèlman.

Mwen santi map viv lèm wè ayisyen kap manje ayisyen parèy yo pou enterè pòch yo oubyen pou kore moun ki pi byen pase yo,jounen Jodia lapolis aksepte pran 600$ vèt pou al fizye pwòp frè yo,pandan fanmi yo kontan kòb la tonbe kach,pa gen afè al plenyen nan radyo di yo touye polis men okontrè se fèt kap fèt an fami sou do pèp la.mwen konprann sak pase a paskem pa timoun,paske jiskaprezan Ajan BSAP yo mouri tankou yo pat gen fanmi,pa gen dwa delòm nan pouki bay senpati,oubyen pou dedonmaje fanmi yo paske yo te kont pouvwa Santi kaka kap finanse gang nan.

Mwen Pete chanpay lè map gade lapolis kise pwoteje sèvi kap maspinen epi menm pwente zam sou yon anfan 14 ane paske lite grangou kal nan dechoukay poul te ka jwenn ti bat bouch, pandan se dè 100 tèn pèsòn ki tap piye zafè sak pa pou yo a, jiskaprezan gouvènman pa di anyen nan sa dwa delòm fèmen djòl sa di anyen paske lapolis ap fè djòb sal pouvwa.son fyète pou gouvènman achak yon frè'n tonbe paske yo tout kondisyon yo ini pou nou tout mouri deja.

Son plezi pou mwen lè map gade kòman gouvèdman de fakto a pè prizon pandan yo pa sispann vòlè lajan pèp la pou bay bandi okipe tèritwa pou yo, yo peyi kote depil 5hPM tout moun pè pran lari poutan vòlè yo lib pou fè sayo vle.mèsi lapolis,JIJ,avoka,komisè popo ou gouvèdman,senatè,dépité majistra,minis,prezidan,delege, Mwen desann Chapo devan byen ba pou nap byen dirije peyi a bann vòlè.

LBSM✍️

06/02/2024

Mesye si nap fè revolisyon fè revolisyon ok
Sispann pase moun k+k=2k ok, paske Ayiti ap trò lontan akoz yon bann vòlè pyajè kap fin piye peyi a,tankou yon Manman lougawou manje pitit li.
Nou chita ap ranse fè ti pèp la pran lari ap manifeste avèk fèy Bwa pandan yap mouri anba bal lapobanditism chak jou,Nou di nap fè revolisyon,pandan Nou chita lakay nou ap ranse dèyè telefòn nou,voye yon pèp ki deja nan mizè al mouri sou pretèks keli pral délivre.

Mwen yo aprann mwen ke revolisyon pa janm fèt avèk bout mamit,son kesyon de Zam,am blanch saki anpechem Viv la se krazel epi lapè,men Nou menm pa bò isit yon dal Bann vòlè kap piye malere parèy yo, fè timoun paka ale lekòl malere paka ale nan mache pou al chache lavi.seyo nap tiye boule emenm jete yo nan raje,men,dim avèk kisa sa sanble travay pouvwa ou travay pèp nap fè mesye?

Mwen santim bouke avèk mòd peyi sa nap fè a mesye,Nou fèm grandi avèk èn nan kèm,Nou fè mwen abitye avèk son bal kap pete nan zòrèy mwen,depi map Viv mwen pa sispann vole dife kawotchou nan tout lari akoz nap manifeste nan voye ale chak Jou,pou tan peyi a pa janm fè yon fè pa kita yon pa nago.ki mòd peyi sa nap fè mesye.

LBSM✍️

05/02/2024

Kisak pral genyen nan peyi a pandan sware 5 pou leve 6 fevriye a nan peyi ayiti?

Revolisyon lanse pa Guy Philippe sòti fen novanm 2023 ansyen komisè eli pou senatè nèg lame dayiti jije koupab kòm dilè dròg etazini,pèp ayisyen tap tann yon sovè pouki vin retirel nan labou a .
Aprè 220 ane ayiti ap travèse yon moman ki vrèman difisil anba yon bann malfwa San kolòn vètebral,jounen jodia ayiti sou chimen revolisyon lanse pa Guy Philippe.

Anpil moun kwè ke Guy Philippe ka vin devni yon sovè pou ayiti paskel te fete 2004 kote peyi a te fèmen aprè blan an te fin sèvi avèl pou kraze brize aprè sa yo rejtel tankou yon vomi chyen,aprè 6 ane prizon li fin pase etazini kòm dilè blan an bak li aprè yo fin planifye avèl poul vin lanse revolisyon sou tout peyi a,paske ameriken vin estimé Guy Philippe se sèl nèg li rete kwè kika fè revolisyon nan peyi a paske yo te itilizel déjà 2004.

Jodi a 5 fevriye pandan batay la te lanse avan 7 fevriye pou Ariel kite pouvwa,Nou konstate anpil militan voye anpil pawòl piman bouk kit se pou pouvwa kit se pou pati revolisyon an,men kesyon tout moun ap poze se kisa ki pral pase nan peyi a avan 7 fevriye pou rive 7 la.
Paske revolisyon pa konn fèt nan bouch ni nan dèyè telefòn ni afèy bwa,saki enpòtan an se mete pyew sou sòl la.

Jounen jodia nou konstate bandi lapolis yo pran lari a pou anpeche pèp la pase fristrasyonl,pandan moun pa sispann pran bal emenm mouri pou peyi yo. jiskaprezan mwen pou revolisyon men èske se vre ayiti pral konnen yon moman tansyon tankou 2004 emenm pi mal ke 2004?

Depi revolisyon an pa fèt se pou yo arete tout nèg ki konsène kite kore revolisyon an, paske fòk revolisyon an fèt.

LBSM✍️

03/02/2024

Senmak vil de refij

Mwen chwazi senmak kòm vil matènèl mwen,mwen t gen 6 ane lèm te rantre senmak nan ane 2000 yo,premye kotem te abite se nan tibwa antre riyèl briyan,sete yon privilèj Kem tap jwi kotem te wè moun kap viv nan tèt ansanm,vil la te toujou pwòp malgre wout yo Patko fè vrèman sete tè.men,nan chak poto limyè lari yo te gen yon poubèl pou fatra,moun te respe moun ane 2001 mwen te abite pivè zòn wozgadenn.moun tap mache san kè sote,lite ka 2h di maten wap sòti al achte pòtaygèp San kè sote.

Nan ane 2003 mwen pral masak nan vil la sou pretèks yap fè revolisyon pou chavire Aristide,Mwen sonje nan yon lundi gro 10h AM yo pral pete bal sou lekòl mwen teye fè tout elèv love gagè malgre anpil pami nou te blese,nan tout lari sete kawotchou vole dife akoz Lavalas,te Ramikòs,vòlè te toupatou paske nèg pwisan an pat lòt ke somoza.

Aprè depa Aristide nan tèt peyi a yo ta pral dekouvri pòtaygèp,nan ti bwa,ak fresino kòm zòn wouj,men sa pat anpeche senmak te rele senmak,eh depi aprè 2004 politisyen vòlè ak atoufè vin gen je sou vil la akoz baz ki fonde nan vil la,se la tou vil la pral kòmanse fè fas avèk sitiyasyon move moman difisil.se nan ane 2006 mwen ta pral abite dalankou lasiri.

Senmak tonbe nan fatra moun vin soti touatou jete fatra kote yo jwenn aprè wout fin fèt tann lapli tonbe moun anwo lage fatra desann bay anba,sim tap site kèk zòn pap gen espas. Senmak teworis nenpòt tikrik krak Youn vle manje lòt nèg vin chaje Zam menm arive kreye Baz gang timidman nan nenpòt zòn. ensekirite kote moun vin pè mache malfektè kap mennen zonbi vòlè toupatou.vòlè grangou tout kote nèg kou fanm nan fouye moun nenpòt kilè san prezans lapolis.Nou vin paka idantifye malveyan sitèlman vil la vin okipe.

Anpil evenman ki pase kem pa site,menm pap bliye 6,7 2018 pou chavire jovenel akoz politisyen vòlè sèvi avèk pwòp pitit vil la pou detwil pou lajan ou bèl pòs swadizan APN ONI nou konn rès yo,sa pat kanpe la yo boule bank Nasyonal sojebank,lameri Sam viv yo kriyèl.Aswiv LBSM✍️

01/02/2024

Salitasyon pèdi dinite an ayiti,deno Jou timoun pa respekte granmoun ankò koz se timoun kap fè timoun,jèn fi nan peyi m vin manke prestij nan mache vann kò nan lari toutouni,jèn gason vin lage nan vòlè sou pretèks yo grangou yap chache lavi,Nou vin yon pèp ki san valè devan je lemond emenm nan pwòp peyi nou yo fèn rayi youn ak lòt,nou pèdi dinite nou te genyen avan an,paske yo vann nou kòm yon bèt NWA pandan Nou pwouve se sa Nou ye.

Pa fwa mwen sonje lèm tap grandi nan ane 2000 Mwen te fèk pral gen lespri malgré bagay yo pat fasil menm te goute nan pat lavi a kite dous,Mwen te viv kote lanmou tap pwomennen nan kè chak moun,timoun te gen valè pandan lajan te enpòtan,men 2 ane aprè mwen ta pral Viv boule kay koupe tèt,bloke lari masak nan tout peyi a,yo fèm kouri kite lekòl anba bal nan yon lundi avan 10h AM. Jis sou pretèks pou chavire yon pouvwa Kise "Aristide",se depi la Mwen ta pral konprann nan ki mòd peyi mwen ta pral leve.

Jenerasyon pam nan Viv anpil mizè kote Chak jou nap voye ale,kraze brize,touye egzile,pandan Mwen Viv anpil bèl diskou kotem te gen espwa pou demen,nan lane 2017 mwen te vin pran konfyans ke ayiti ka chanje malgre tout sa malfwa fèn pase,poutan 6,7, jiyè 2018 Mwen pral pèdi espwa koz Ayiti te vin boule nan voye ale sou "Jovenel".ahwi kounia mwen nan 2024 sam viv yo kriyèl,kote jenerasyon'm nan fin pase kifè la Nou echwe.

Ayiti peyi manman'm ak papa'm selam fèt selam grandi Mwen renmen ayiti malgre tout bagay,menm gen yon jenerasyon kap vini la mwen vle batay jiskobou pou yo pa echwa menm ke yo gentan sal yo,Nan bay plezi kawach, Atèplat,Dj Chak swa,plezi lanmè ak pisi'n,yo bayo pèse nen ak lonbrit menm arive pèse krèk yo,yo bayo chèn nan Pye chak zòrèy 4zanno,yo fè yo vann fouk devan yo aprè sa yo trete yo de bouzen ou madivi'n.

LBSM✍️

31/01/2024

Quelle neige ! L'enfer, ce n'est vraiment pa l'enfer!
Chacun en son cercueil,
Et dans la cour du roi,on fais ce qu'on préfère
Il n'y plus de deuil.

L'enfer, quel paradis !, différent de chez nous
Sans se nourrir on vit
Je les vois, tous en blanc, ils touchent presque tout
Dans ma cérémonie.
LBSM✍🏾

31/01/2024

Mesye si nap fè revolisyon ke nou fèl,afè tout jounen fè kè moun kase timoun paka ale lekòl,oubyen yon pati ale yon lòt kote menm paka ale.
Si nou lanse revolisyon deja nou gen plan batay la,men kounia ti machann paka al vann,timoun chita lakay yo paka ale lekòl pandan pil lajan fin depanse,sise 2semèn nap pran ke nou prann epi bay peyi a chans poul mache.
Men nou chita chak jou nan Media ap ranse voye lajan pou bloke lari pandan moun menm ap soufri sou kont revolisyon ap fèt.
Si nou sa di nou sa mesye.
Paske revolisyon pa fèt san konesans.

LBSM✍️

31/01/2024

Ayiti,baw revolisyon anonse.

Ayiti peyi revolisyon anonse kote chak Jou se pitit pèp la kap peye sa,aprè lajan ki fin depanse pou voye timoun lekòl poutan yon pati ale,yon lòt kouch menm chita lakay pandan malveyan pa sispann kreye latwoublay nan boule kawotchou bloke lari.ti machann madan sara paka al vann jèn fi avèk jèn gason ap pèdi dinite chak Jou anplis,pandan timoun pa sispann mouri ak grangou koz fwaye divize pou pwoblèm lajan paske pa gen travay.

Revolisyon pa fèt san konesans
Nou chita ap bwè dlo sou tèt pèp la koz Nou pran non pèp la pou revòlte,pandan bandi ame pa sispann kidnape moun ak touye frè avèk sè Nou yo.
Nou chita chak jou ap fè dialòg chita dèyè telefòn nan chanm lakay nou oh wi fòk Revolisyon an Fèt 🤝,kibò?
Aprè plis pase 220 ane nou pati peyi kifè plis dialòg,Nou pase plis prezidan,nou siye plis akò,ay fout gadon peyi.

Bat kat la sou tab
Nou rive yon moman kote manje a kwit fòk li separe pou chak moun jwenn payo, ABA bloke lari, ABA boule kawotchou, ABA Lòk peyi a.
Pou dat nap boule avèk kraze lipa itil nou anyen,nan fè dialòg yo ba Nou siwo pou fèn dòmi,kounia nou di non avèk voksal Sayo.
Pèp ayisyen kale je Nou pou'n di nou bouke.

LBSM✍️

Adresse

Lascirie Prolonger Citez Dalencour
Saint-Marc

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Emmanuel LBSM Ayiti publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager