03/08/2026
Nan kad ranfòsman Pati Politik Kongrè 18 Novanm, Prezidan Jèn pati a te òganize yon rankont ak yon gwoup etidyan jodia dimanche ki se 2 dawout la rankont sa moutre enpòtans angajman jenès la nan lavi politik ak devlopman peyi a.
Rankont sa te pèmèt patisipan yo pataje vizyon yo sou lidèchip, fòmasyon politik ak patisipasyon sitwayen. Pati Politik Kongrè 18 Novanm reafime angajman li pou kontinye mobilize ak fòme jèn yo pou yo vin aktè prensipal nan konstriksyon yon Ayiti ki pi djanm ak pi pwospè.