Sayou N'abandonne jamais. Aujourd'hui, c' est difficile demain sera pire. Mais après-demain, le Soleil se lèvera����

15/08/2025

Eske w konn ki sekrè ki kache nan drapo Brezil la?
Li gen yon seri de senbòl ki gen yon siyifikasyon trè klè. Chak koulè ak chak eleman ki ladann reprezante yon bagay byen presi.
​Men sa chak pati nan drapo a vle di:
- ​Koulè vèt la reprezante gwo forè ak richès natirèl Brezil yo.
- ​Koulè jòn lan Senbolize richès mineral Brezil la (lò, minrè fè, boksit, elatriye).
Se te tou koulè fanmi wa Aviz (manman Anperè Pedro I)

​Sèk ble ki nan mitan an se pati ki gen plis senbòl
Li reprezante syèl la nan Rio de Janeiro nan dat 15 novanm 1889, jou Brezil te vin yon repiblik.

Zetwal yo sou sèk ble a montre konstelasyon yo te vizib nan Rio de Janeiro nan maten sa.
​Chak zetwal reprezante yon eta nan Brezil, plis yon zetwal pou distri federal la (Brasília). Gen 27 zetwal an total.
​Pozisyon zetwal yo pa mete o aza. Yo dispoze menm jan zetwal yo te ye nan syèl Rio a nan jou sa a. Chak zetwal koresponn ak yon konstelasyon (ansanm zetwal) ki idantifye yon eta Brezil.

​Deviz la se : "Ordem e Progresso"
​Fraz ki ekri sou banyè ki nan mitan an, "Ordem e Progresso" an Pòtigè, li vle di "Lòd ak Pwogrè."
Fraz sa a soti dirèkteman nan yon mouvman filozofik ki rele pozitivis, ki te vin popilè nan fen 1800 yo gras ak yon filozòf fransè ki te rele Auguste Comte.
Nan pozitivis, gen yon pawòl konplè ki di:

“L’amour pour principe, l’ordre pour base, et le progrès pour but”

Lanmou kòm prensip, lòd kòm baz, epi pwogrè kòm objektif.

Sou drapo Brezil la, yo sèlman mete dezyèm ak twazyèm pati a : Ordem e Progresso — yo pa mete “Lanmmou kòm prensip” la.
Gen moun ki di se yon chwa politik, lòt panse se jis pou kenbe li kout

​An rezime, drapo a se yon konbinezon de senbòl ki rakonte listwa, jewografi, ak valè Brezil. Se pa yon sekrè, men pito yon istwa ki byen konstwi ak siyifikasyon klè.

Adresse

Paris

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Sayou publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager