info lakay

info lakay enfomew

Li sa jiska la fen siw kwè ayiti ap chanje!!!Shalom pèp ayisyen 🙋🏻‍♂️ mpa menm bezwen mande kòman nou ye? Paske mkonnen ...
02/02/2024

Li sa jiska la fen siw kwè ayiti ap chanje!!!

Shalom pèp ayisyen 🙋🏻‍♂️ mpa menm bezwen mande kòman nou ye? Paske mkonnen nou pa byen.
Yon konsèy map bay ak chak grenn ayisyen kap viv nan peyi a tankou aletranje e avèk fòs opozisyon an kap goumen pou peyi a chanje: an nou fè bon sans 🧏🏻nou tavay mezanmi 🤷🏻‍♂️

a chak fwa nap manifeste nou vle pou tout bagay fèmen nan peyia , pou tout aktivite bloke men kont kiyès nap fè batay sa menm , kont pèp la oubyn kont otorite yo vrèman 🤔tande byen lè tout bagay fèmen kiyès ki pap ka manje? Kiyès ki pap ka achte? Kiyès ki paka sikile otorite oubyn pèp la? kiyès ki peye tèt kase a pèp la oubyn otorite leta? Kraze bagay leta kiyès kap sibi konsekans lan otorite yo oubyn pèp la? Tout moun fè zye nou klè 👁️pa fè batay moun zòt☠️.
Kiyès ki mouri nan mouvman sa yo , otorite yo oubyn pèp la? Si yo t mouri nou patap kontinye manifeste.
An nou fè yon batay pou pèp la ak pèp la san nou pa detwi pitit pèp la ankò 🤷🏻‍♂️!

Si c konsa nap kontinye batay nou pap ka pote la viktwa vre mezanmi pèp ayisyen fè zye nou klè mete bon sans 🤔nou la, pou nou konprann sa nèg yo vle fè nou. Yo vle pou se nou menm ankò kal tiye tèt nou apresa pou yo kontinye pran richès peyi a pot ale. si se konsa nou kontinye nap kòmanse nou pap ka fini🫠.

Lè yon foul moun soti ap mache nan lari a patou nan peyi a nan tout dis depatman ayiti,yap pale ,yap fè bwi epi yo pa jwenn dlo💧💦 pou yo bwè ,pou konbyen tan yap ka kanpe konsa? Pandan setan te ka gen yon ti machanm kap vann dlo nan mitan nou san problèm nou tap ka kontinye pale pandan ti machann sa li menm tap jwenn yon ti bagay pou piti li manje aprè.

Yon moun ki leve depi nan 8h kap mache nan lari a san manje pou konbyen tan lap ka kenbe oubyn pou konbyen jou lap ka kenbe konsa? Lè sa li pap bon konsa🤷🏻‍♂️ mouvman sa pap ka rive trò lwen.
Lè sa moun kap manifeste kont pouvwa sa kap fè bagay sal ap kòmanse swiv tras la tou paske gen moun ki pral kòmanse kase bagay moun tou , vòlè bagay menm pèp yap batay pou li a, kraze tap mizè malerèz yo, gade tout kalite defisi mas pèp la pral sibi ankò. Epi apresa otorite yo pwal fè nou achte yo nan men yo byen chè pou mete milyon nan pòch boujwa sa yo ankò epi ti malerez sa pral bezwen travay anpil ane ankò poul ta genyenl ankò ki pa fasil.... Pou lis la pa plis ke sa mkanpe la men gen anpil defisi toujou nou sibi men nou pa fè tèt nou travay pou nou wè se pye poul la ankò kap kraze zel.

Men gran konsèy mwen pou tout ayisyen nan peyi a tankou aletranje mete men nan pat la,jan lè nou nan lòt peyi ,nou konnen kòman pou nou manifeste a ,fèl menmjan tou an ayiti .
Nou pral fè batay la ak yon lòt estrateji:1- nap fè mach oubyn alaso avèk pann kat nan men nou, kap ekri tout sa nou vle pou yo fè pou peyi a.
pou tout peyi nan mond lan ka konprann sa nou vle e pou yo ka wè chanjman kòmanse nan nou dabò.
2- nap bay aksè ak tout machann kapab swiv mach la ak tout sa lap vann pandan sou bourèt la,devan kabwa, nan bokit yo ...eksetera ak ekri yon pann kat ak tout sa nou bezwen.pandan setan nou kontinye bal aksè poul pran swen pitit li poul manje.....

3- tout chofè taksi ak machin kontinye ap fè vwayaj kote devan moto a edevan machin lan ap gen yon pann kat ki make, e menm pasajè yo ap gen pann kat pal nan menl ,pandan tout bagay ap fonksyone nap manifeste ak pi gro fòs.
Paske lè yon otorite gade tout bagay nan peyi a leve kont li, kiyès ki fèl rete.
4- nan mache a enpoze tout machann pou yo mete yon pann kat sou sa yap van lan.
5- machin kap pote provizyon alimantè,materyo konstriksyon enpoze yo pou yo mete yon pann kat pandan yap antre nan nenpòt vil pandan yap sikile.
6- mete yon pann kat devan chak piro leta
7- chak jou pou jounalis ap mache nan tout peyia epi poze kesyon ak moun sa yo lage sou rezo yo. Mta renmen wè ki pouvwa kap ka kanpe devan : l'union fait la force peyi a .
Pèp ayisyen reveye lòt grò fòs nou genyen yo pou peyi a chanje ann pa kraze sa nou genyen yo poun pa al Bay yon lòt gouvènman tròp travay lèl sou pouvwa pou peyi a ka al pi lwen!

8- pou chak grenn ayisyen ki nan lòt peyi yo pran lari tou ak pann kat nan men yo epi mande menm bagay. Apresa na dim ki pouvwa kap ka kanpe devan mouvman sa🙇🏻‍♂️.

Nb:Nèg boujwazi sa yo ak nèg kap gagoto richès leta ak peyi a, yo gen posiblite pou yo fè yon ane ap byn manje san yo pa soti epoutan ti pèp sa pa gen ase pou manje menm pou yon semèn .savledi si nou pa chanje estrateji batay la nap toujou anba. Jan provèb la di a mal sele kap foule.
Jan nou wè mwen di fè a si nou fèl konsa nap ka pase yon ane tou ap pouswiv nèg sa yo san nou pa fatig san nou pa ssnti gro chaj sou do nou. Bout pou bout se yo kap kouri devan nou paske lòt peyi paka sipòte yo pou tout tan sa konsa.

Shalom se te A.V.
Patajel bay tout kontak ou siw vle peyi sa chanje vre siw kwè peyi sa nou ka mete tèt nou ansanm pou nou chanjel!

Adresse

#
Gonaïves
HT4110

Téléphone

+50942205795

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque info lakay publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à info lakay:

Partager