26/05/2026
Men poukisa moun renmen manje savon sitou fanm ansent yo, pataje tèks sa pou plis moun jwenn konesans paske anpil fwa se lè moun sa yo gen gwo vant fè mal oubyen trip bouche paka twalèt yo kouri lopital , se opere yo konn opere yo pou sove vi yo
Depi tou piti nap tande moun ap manje tè, cheve,zong, savon gen moun menm ki konn vale chèn, zegui, jilèt etc... anpil fwa nou pa bay sa enpòtans jiskaske yon bon lè moun sa ap kòde vant fè mal , sa konn rive yo paka twalèt trip yo bouch paske kò an paka dirije sa yo manje yo, sa konn rive estoma oubyen trip yo konn pete epi tout bagay gaye nan vant yo
m te li yon atik de yon ka ki te fè pale de li an Inde kote yon moun ki tap plenyen de vant fè mal lè yo fèl sono yo wè yon bann objè tranchan, lè yo operel yo jwenn 33 objè tranchan nan estomal tankou zegui, jilèt, etc...
Se sa yo rele maladie de Pica se le fèt ke yon moun manje yon bagay ki pa kosmetib pandan plis ke yon mwa, nan sijè sa nou pral pale de manje savon ke anpil fwa fanm ansent yo viktim de sa, li nòmal lakay bebe paske sa fè pati de devlopman yo , yo pako ka diferansye sak ka manje a sak paka manje e sak fè fow veye bebe yo paske yo toujou ap met nenpòt bagay nan bouch yo, lè timoun nan vin ka diferandye sak ka manje a sak paka manje li pa nòmal...
Anpil fwa se moun ki gen pwoblèm mantal ki renmen manje savon menl ka konsène moun ki nòmal, yo jwenn li anpil lakay moun ki gen karans a yon minewo, sitou an fer, fanm ansent anpil fwa gen tandans manke "fer"sitou si yap mal manje se sak fè yo remake anpil fanm ansent gon anvi manje savon,lè konsa yo konn pa vle bwè fer doktè preskri yo , kò an pral eseye konpanse mank" fer"sa ,li pral pouse yo manje manje yo pa ta dwe manje
Ki danje ki gen nan sa
Danje an se ke estoma konn paka dijere yo, sa ki konn koze yal bouche nan trip la, moun sa yo konn paka ni pete ni twalèt se kouri opere yo rapid paske trip la konn pate e twalèt gaye nan vant yo , sa ki konn met vi yo an danje
Konsèy a sa se :
-manje ekilibre , fanm ansent pran sipleman doktè preskri nou yo
-si sa pa pase nou dwe al wè Dr
Like & pataje pou plis moun jwenn konesans
Idantifye yon moun li avèw
Norbrun Kerry Care-ry