Ken-G le fils des mots

Ken-G le fils des mots Moun fou bon sans
M se sel fou konsyan
Sans ak fou gen menm gou
Pa konfonn yo

Tlf 47852392
55426923

09/06/2025

Sa tris eske nou sonje epok sa🫠🫠🫠

Ak ki règ ak ki ekè ak ki gòm ak ki kreyonBondye kre yon ange tankouw? Eskè se pa nan fasonw bese pouw pise ki fè bondye...
30/05/2025

Ak ki règ ak ki ekè ak ki gòm ak ki kreyon

Bondye kre yon ange tankouw?

Eskè se pa nan fasonw bese pouw pise ki fè bondye te jwen ide poul fè rivyè ?

Eskè se pa nan koulè danw bondye te jwen koulè poul bay nyaj yo

Eskè se pa nan gade fòm ou ke yo t jwen ide ke la terre est ronde comme une boule lan

Eskè se satan ki te tantew u byen se u kite tante satan💁‍♂️

Eskè se pa krachew yo pran mete nan yon boutèy yo bay pote nan alkòl lan

Eskè se pa devanw yo bay pote nom paradi an

Eskè se pa sou senw bondye t gade ki fèl t jwenn ide poul fè mango gèp lan

Anfen eskè se ou yo rele ange l'an Fatima Altieri

fanatik yo TIMO MEDIA Enterprise RJ

*Chak fwa rega nou kwaze*_M jwenn chans pou m admire ti kè m k ap palpite nan zye w🙈__Ti kò m fè chè de pou l, m toujou ...
07/05/2025

*Chak fwa rega nou kwaze*
_M jwenn chans pou m admire ti kè m k ap palpite nan zye w🙈_
_Ti kò m fè chè de pou l, m toujou vle kòk mwen gen imaj li nan ze w🌚_
_Chak fwa rega n kwaze_
_Lavi jwenn lanmò l nan gade jan lanmou ap viv nan je nou_
_Menm montay yo akokiye, pou met ajenou nan pye nou🌚_
_Kò nou fizyone_
_Nanm nou frisone_
_Lè silans nou sone_
_Ti kè nou vibre🌚_
_Nan chak rega_
_Lanmou nou vide_
_Nan mwen w fè dega_
_Lè ti zye w fè ekla_
_Nan mwen🙈_
_Nanpwen fanm ki ka retire yon vigil nan lanmou nou🌚_
_M te ka gentan ofri w mond lan, si w pa t inivè m_
_Vizaj ou g on fòm powetik ki kache bèlte nan fon l, se pou sa mwen vle ini vè m_
_Pou m onore w_
_Chak fwa m gade de sen w_
_M anvi kreyon m kolorye w_
_Men fò w ta prete m tay ou_
_M gen yon poto mitan k pa gen apwi_
_Tanpri prete m kay ou🙈_

*Chak fwa rega nou kwaze* tèks de _*SKYSON L'AIGLE PENSEUR 🧠*_

https://chat.whatsapp.com/JEW1JMIGIIMATesJn1B2aB

Ayiti le 21 fevriye 2025Frè lucson m pa ta vle se lè w pa la pou m di sa w te reprezanteMenm ke n ap viv nan yon peyi ko...
07/05/2025

Ayiti le 21 fevriye 2025

Frè lucson m pa ta vle se lè w pa la pou m di sa w te reprezante
Menm ke n ap viv nan yon peyi kote se kadav yo fè viv
Ou se sèl moun k ap fè bagay serye lè leta ta vle plezante
Nan kèlke mo m vin onore w menm ke m ta dwe ekri yon liv

M koube m byen ba pou m salye w avèk anpil onè
M swete w anfòm si w te kanpe fè yon ti chita pou n pale
Nan tè sèk malè jenès la w vini w vide on lapli bonè
Pou sa, vle pwofite tan an pou m onore
w
m pap tann pita kou w ale
Pou m al pran pòz m te ba w respè pansan lè w te la m pat menm kore w

malgre tout bon travay w ap fè sou ou y ap jete vye rimè
ou s on vizyonè k fè m konprann ke yo pa dwe bay je pete limyè

Men ou konnen, isit depi w se lejand y ap fè fo fim avè w
Menm si efò w yo ta vle fè syèl touche aktè an y ap tiye w kou bandi
Lè m pran san m gad travay ou yo, m remake w ap fè yo ak kè w

Nan zòn pa fè moun m ap rann mwen kont move sous yo konn bay bon dlo
Tout moun okouran de efò w yo domaj anpil nan yo ap bò w do

Ou kreye paradi pou zanj yo, si non yo te ka tounen demon tèlman yo viv lanfè
Koz nou s on pakèt vivan k ap respire pami kadav nan ti peyi sa, pa gen kote pou w viv non frè

Ou mete vi nan avni yo
Ou mete sans nan lavi yo
Timoun yo, se tankou yon pakèt tipwason ou aprann yo vole just pou yo pa pran nan nas la
Depi w la w sible, lanmò pa fè jwèt pwason davril men, ou desann tankou tonton nwèl nan mas la ou pa tann desanm

Si nan lèt sa plim mwen ta fini m ap prè pou m ekri l aksan m
Pou valè pwen w mete sou I sou travay ou yo yo dwe mete aksan

Wii konsa ak san m ta ekri pou m jwenn chans pou m met aksan sou kalit travay w ap fè, w ap batay pou yon avni, e lè pwent kreyon jenès la kase, se san ezite w bay tay

Si w met timoun yo nan tenèb se just pou yo ka jwenn espas pou yo briye koz chak se yon zetwal, ou ba yo le bra ou pa pliye, e pa bliye menm si w pliye fò w ret kanpe koz ou se pilye nou ak ou akwoche n ak reyisit epi w lye nou ak yon avni meyè

Senseman san ou n te manke sans

09/10/2024

Dènye tan Pap gen granèg ni malere

24/12/2023

Fils des mots

24/12/2023

Adresse

Port-au-Prince

Téléphone

+50942545523

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Ken-G le fils des mots publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager