Kerby Joseph

Kerby Joseph Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Kerby Joseph, Épicerie, Myriam ll, Ti Port-de-Paix.

23/07/2025

Nou pap pran nan BLOF ak chanjman konstitisyon 1987 la!
Nou pap pran REFEDÒM sa!

Nou pap pran nan BLOF!

AWOZAM chante!!

ERRA ak JADEN LIV pran plezi envite w nan aktivite sila k ap fèt pou ou : Jounen kilti lakay!  Se ap yon jounen espesyal...
16/07/2025

ERRA ak JADEN LIV pran plezi envite w nan aktivite sila k ap fèt pou ou :

Jounen kilti lakay! Se ap yon jounen espesyal e k ap fèt premye fwa nan vil. Jounen kilti lakay ap mete anvalè tout sa w konnen ki fè nou moun tankou tout moun. Nan manje, nan bwè tankou nan kote kiltirèl. Nan jounen sa a ou pap jwenn anyen ki pa mak fabrik nou. Patat ak mayi boukannen, tablèt pistach ak pen chodyè, tonmtonm (pile), diri peyi ak pwa vèt ak lalo ( fèy anjeneral) elatriye, tout kaltè bon amè, likè ou pa wè lontan oubyen w poko konnen ditou, tout kalte jwèt pou timoun jenn ak granmoun. Oubliye tire kont ? Timoun ou yo poko konn tire kont ditou ? Jounen sa se jounen pa nou epi pou klotire jounen an n ap gen yon koudjay kiltirèl san parèy avèk plizyè atis nan vil la. Jou sa fèmen pòt lakay ou epi vini ak fanmi an, vin detann nou pandan n ap ranfòse valè nou ak sa ki fè nou moun tankou tout moun. 9h nan maten pou rive 7h nan aswè, jounen ki pap tankou lòt yo, nan lakou kay frè a. 250 goud pou antre epi pote lajan manje ak bwè.

26/03/2025

La constitution de 1987 est claire dans ses articles :
L’Etat garantit le droit à l’éducation. L’enseignement est libre à tous les degrés. Cette liberté s’exerce sous le contrôle de l’État.
Article 32-1:
L’éducation est une charge de l’Etat et des collectivités territoriales. Ils doivent mettre l’école gratuitement à la portée de tous, veiller au niveau de
formation des enseignements des secteurs public et non public.
Article 32-2 :
La première charge de l’État et des collectivités territoriales est la scolarisation massive, seule capable de permettre le développement du pays. L’État
encourage et facilite l’initiative privée en ce domaine.
Article 32-3:
L’enseignement fondamental est obligatoire. Les fournitures classiques et le matériel didactique seront mis gratuitement par l’Etat à la disposition des
élèves au niveau de l’enseignement fondamental.
Article 32-4:
L’enseignement agricole, professionnel, et technique est pris en charge par l’Etat et les collectivités territoriales.
Article 32-5:
La formation préscolaire et maternelle sera prise en charge par l’État et les collectivités territoriales.
Article 32-6:
L’accès aux études supérieures est ouvert, en pleine égalité, à tous.
Article 32-7:
L’Etat doit veiller à ce que chaque collectivité territoriale soit dotée d’établissements adaptés aux besoins de son développement.
Article 32-8:
L’Etat garantit aux personnes à besoins spéciaux la protection, l’éducation et tout autre moyen nécessaire à leur plein épanouissement et à leur intégration
ou réintégration dans la société.
Article 32-9:
L’Etat et les collectivités territoriales ont pour devoir de prendre toutes les dispositions nécessaires en vue d’intensifier la campagne d’alphabétisation des
masses. Ils encouragent toutes les initiatives privées tendant à cette fin.
Article 32-10:
L’enseignant a droit à un salaire de base équitable.

Fòk pitit malere yo jwenn lòsyè Edikasyon !!

𝗧𝗶 𝗺𝗼𝘀𝗼 𝗟𝗶𝘀𝘁𝘄𝗮23 jiyè 1987 - 23 jiyè 2024, jodi a fè 37 lane depi nèg ak zam debake nan Jean-Rabel, zòn Beauchamps, yo m...
23/07/2024

𝗧𝗶 𝗺𝗼𝘀𝗼 𝗟𝗶𝘀𝘁𝘄𝗮

23 jiyè 1987 - 23 jiyè 2024, jodi a fè 37 lane depi nèg ak zam debake nan Jean-Rabel, zòn Beauchamps, yo masakre yon bann ak yon pakèt malere, ki te fè pati asosiyasyon Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen.

Nan lide pou yo kapab viv nan diyite, yon gwoup abitan nan setièm seksyon kominal vil Jean-Rabel, repran yon kantite tè ke jeneral Henry Namphy te bay fanmi Lucas ak Poitevien. Yo te pwofite mande pou leta a fè yon kanpe sou manje sinistre l ap resevwa ki kraze pwodiksyon manje lokal yo, dedomaje yo pou kochon kreyòl yo ke yo touye nan men yo, mete kredi pou peyizan ki vle fè jaden, ba yo mwayen pou jwen semans ak angrè pou yo travay latè, fè kannal pou dlo ka wouze jaden yo.

Yon bann sòlda, melanje ak ansyen makout debake nan depatman Nòdwès, pandan 5 jou, yo boule kay, masakre moun ak katouch men sitou ak kout manchèt. Granmoun, timoun, fanm et menm ti bebe pat epaye. Gen moun ki rapòte ke plis pase 200 moun mouri, gen lòt ki di 139.

Nan yon atik ke Stephen Williams Phelps, pibliye nan Alter Presse, 23 jiyè 2016, li eksplike ke nan lokalite “La montagne”, gen anviwon 50 blese ki te jwen swen lopital, men rive yon moman, lopital pat ka resevwa ankò.

Kadav rete nan raje a pou chen manje. Sou lòd jij de pè zòn nan, yo pral touye anpil lòt ki te blese, ki pot ki mouri, ki te ka pa mouri, men, ke lopital te refize epi antere yo nan yon gwo tou.

Pou w konprann nivo sinik lèzòm e kisa ki te pase a, fòk ou konsidere deklarasyon youn nan pwopyetè yo, Nikol Poitevien, ki te deklare devan kamera televizyon leta a:

« 𝘕𝘰𝘶𝘴 𝘥𝘢𝘯𝘴 𝘭𝘦 𝘤𝘢𝘮𝘱 𝘥𝘦𝘴 𝘢𝘮é𝘳𝘪𝘤𝘢𝘪𝘯𝘴, 𝘯𝘰𝘶𝘴 𝘢𝘷𝘰𝘯𝘴 𝘱𝘦𝘳𝘥𝘶 7 𝘩𝘰𝘮𝘮𝘦𝘴 𝘦𝘵 𝘯𝘰𝘶𝘴 𝘢𝘷𝘰𝘯𝘴 𝘵𝘶é 1042 𝘤𝘰𝘮𝘮𝘶𝘯𝘪𝘴𝘵𝘦𝘴 » !

Yon deklarasyon viltwa, ke televizyon leta a te pran plezi pase san rete tout lajounen.

Richard Dorvil

18/03/2024
11/01/2024
11/01/2024

Jodia m vin prezante n, kouman debi inisyativ kanal lan te kòmanse depi 30 dawou 2023, sou lidèchip òganizasyon KPSKBM ki nan depatman nòdès. Rezistans peyizan yo ki pat bese lebwa, rive montre lemond, pèp Ayisyen an kwè nan lit ak rezistans pou konstwi Libète ak byennèt kolektif. Kote divès lòt òganizasyon te pote solidarite pa yo: PAPDA, SAKS, Tèt kole Ti Peyizan Ayisyen, MPNKP, MPP, Kròs ak Pati RASIN Kanpèp lan. Se pou konstwi ansanm souverènte alimantè, agrikilti familyal peyizàn pou yon Ayiti granmoun.

K.P.K

09/01/2024

Kanal sou rivyè masak pou al wouze tè nan plèn maribawou lan gen yon istwa.

San istwa pa gen prezan ni w p ap konn lavni. Ann swiv
Mackendy Josaphat, manm òganizasyon KPSKBM inisyatè pwojè kanal sou rivyè masak nan wanament, nan plenn maribawou ki nan pitobè. Yon manyè pou tout peyizan jwenn manje pou yo manje, pou gen bon jan souverènte alimantè.

K.P. K

Saint_Jean wiskis/ Radio Tele_ plus  ( RTP).Nódwès/ Dosye  Tibwadóm:  yon kalvè pou moun Nódwès,Responab Pati politik yo...
07/01/2024

Saint_Jean wiskis/ Radio Tele_ plus ( RTP).

Nódwès/ Dosye Tibwadóm: yon kalvè pou moun Nódwès,
Responab Pati politik yo nan Nódwès, pami yo Fwon Pati politik Popilè ( FPP) reyaji.

Plizyè responsab Pati politik nan depatman Nódwès la, pami yo "Fwon Patriyotik Popilè" ( FPP), Ki gen nan tèt li, Mr JOSEPH Kerby, Kòdonatè, denonse fwaye gwoup gang li di k tabli l nan Tibwadóm, zòn Gwomòn, depatman Latibonit, pou dechèpiye moun Nódwès.
Pati politik sa yo ap kesyone PM defakto a, Dr Ariel Henry, pou konnen ki sa moun Nòdwès fè y ap peye pwiske gwoup bandi sa yo moute katye jeneral yo nan Latibonit kote se toujou moun Nòdwès ki toujou viktim nan peye gwo magogo lajan pou jwenn liberasyon yo chak fwa bandi fin kidnape yo alòske PM defakto a, Dr Ariel Henry rete bèkèkè.

Responsab Pati politik sa yo, pami yo, Kerby JOSEPH, kontinye kesyone tou prezans Direktè Polis Nódwès la, komisè divizyonè, Clevens Cétoute, li di k pa mande ranfò nan Pótopwens pou pèmèt moun Nódwès vwayaje libelibè sou twonson wout Tibwadóm ki relye Nòdwès ak Latibonit e ki toujou rete yon lanfè, yon kalvè pou popilasyon Nódwès la.

Saint-Jean Wiskis,
NO.

Adresse

Myriam Ll
Ti Port-de-Paix
3110

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Kerby Joseph publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Kerby Joseph:

Partager