02/05/2026
Sa nou dwe konin
⸻
🛑 POUKISA DMV POKO PÈMÈT MOUN KI GEN TPS FÈ OSWA RENOUVLE LISANS YO?
Malgre yon desizyon jij federal ki konfime ke TPS Ayisyen yo toujou an vigè epi pwoteje pa lalwa, plizyè moun ap mande poukisa DMV poko pèmèt yo fè oswa renouvle lisans kondwi yo.
📌 Repons lan se pa paske TPS la fini, men pito akoz reta administratif.
➡️ DMV pa ka aji san enstriksyon ofisyèl
DMV depann de direktiv leta a. Menm si tribinal la pran desizyon an, DMV oblije tann:
• Lèt oswa memo ofisyèl nan men Leta
• Mizajou pwosedi entèn yo
San sa, anplwaye DMV yo pa gen otorizasyon legal pou trete dosye TPS.
➡️ Sistèm federal SAVE la poko ajou
DMV verifye estati imigrasyon atravè sistèm federal SAVE.
Si sistèm sa a poko montre TPS la kòm valab, DMV pa gen chwa pase bloke dosye a, menm si desizyon jij la deja egziste.
➡️ Desizyon tribinal pa aplike otomatikman
Yon desizyon jij:
• Bezwen tan pou DHS, Leta ak DMV aplike li
• Pa antre an aplikasyon imedyatman nan tout ajans yo
⏳ Pwosesis sa a ka pran plizyè jou oswa semèn.
⸻
✅ SA KI ENPÒTAN POU KOMINOTE A KONNEN
✔️ TPS la pa anile
✔️ Benefisyè TPS yo toujou pwoteje kont depòtasyon
✔️ Reta DMV la se yon kesyon teknik ak administratif, pa legal
📣 Kominote a dwe rete enfòme, kalm, epi kontinye swiv mizajou ofisyèl yo.
📌 N ap kontinye suiv dosye sa a pou nou pote plis enfòmasyon dèske gen nouvo devlopman.
Pa bliye patage pou lot moun ka Trouvé info sa epi Siw gen yon problem dil nan komante nap cherchel pote pou nou