01/12/2025
Franc-maçonnerie se pa yon òganizasyon ki senp; li se yon chemen espirityèl ak filozofik ki fèt pou moun kap chache jwenn yon koneksyon pi pwofon ak verite lavi a. Yon franmason se yon moun ki angaje tèt li pou travay sou li menm, amelyore kapasite l kòm yon moun, epi kontribye nan byennèt sosyete a. Wòl li se sèvi kòm yon egzanp vivan nan valè tankou respè, onètete, ak fraternite.
Franmason yo kwè nan limyè konesans ak sajès. Yo chèche konprann mistè lavi yo, pa sèlman atravè relijyon oswa espirityalite, men tou atravè etid syans, istwa, ak filozofi. Yon franmason pa egzanp ap toujou chèche konprann mond lan pi byen pou l ka sèvi lòt moun avèk plis efikasite.
Anplis, franmason an genyen devwa pou l travay nan fè mond lan vin pi bon. Yo sèvi nan kominote yo, ede moun ki nan bezwen, epi ede fòme yon lespri inite nan mitan moun. Yo wè tèt yo tankou zouti nan men limyè diven an, ki chache pote klète kote gen tenèb ak lajistis kote gen enjis.
Wòl yon franmason se pa sèlman nan travay deyò, men li gen anpil enpòtans tou nan travay enteryè, nan amelyorasyon pèsonèl. Yo itilize rit, senbòl, ak refleksyon pou ede yo fè introspeksyon epi retire defo pèsonalite yo pou yo ka mache plis sou chemen sajès ak bonte (batay kon Vis).
Pou rezime, yon franmason se yon moun ki dedye tèt li pou l chèche verite, amelyore moral li, pataje konesans, epi sèvi kominote l. Li se yon travayè nan limyè, k ap eseye transfòme ni tèt li ni mond lan pou pi Éclats Spirituels 🎩🕯️
Prive m pou tout kalite maladi Beny chans +1 914 416 08 00