08/09/2026
KAZEYÒM NAN GÒJ: KISA LI YE E POUKISA LI BAY MOVE SANT?
Èske w konn wè ti bagay blan oswa jòn ki soti nan gòj ou, sitou bò kote amigdal yo? Gen kèk moun ki panse se manje ki rete nan gòj, men pafwa se kazeyòm (caséum).
Kazeyòm se yon ti mas blan oswa jòn ki ka fòme nan ti twou ki genyen sou amigdal yo. Nan twou sa yo, ti rès manje, selil ki mouri, bakteri ak lòt patikil ka akimile. Apre yon tan, yo ka vin kole ansanm epi fòme ti boul ki di oswa mou.
Men kèk bagay k'ap edew konnen prezans li :
• Move sant nan bouch ki ka pèsiste menm apre ou fin bwose dan ou
• Ti boul blan oswa jòn nan amigdal yo
• Move gou nan bouch
• Sansasyon tankou gen yon bagay kole nan gòj
• Malèz oswa iritasyon nan gòj
• Pafwa difikilte pou vale
• Gen moun ki pa santi anyen ditou; yo dekouvri kazeyòm nan pandan y ap gade gòj yo.
Nan anpil ka, kazeyòm pa reprezante yon gwo danje pou sante. Li pa vle di yon moun pa pwòp, paske menm moun ki gen bon ijyèn bouch ka genyen li.
🪥Pou diminye li
Kenbe yon bon ijyèn bouch: bwose dan yo regilyèman, netwaye lang lan epi rense bouch la. Bwè ase dlo kapab ede tou. Si kazeyòm yo ap repete anpil oswa yo vin gwo, yon pwofesyonèl sante ka egzamine amigdal yo epi konseye tretman ki apwopriye.
..Evite fouye fon nan amigdal yo ak dwèt, zegwi oswa lòt objè, paske sa ka blese zòn nan epi lakòz senyen oswa enfeksyon.
🚨Si ou gen gwo doulè nan gòj, lafyèv, difikilte pou respire oswa vale, anflamasyon enpòtan, oswa pwoblèm nan ap repete souvan, li pi bon pou yon doktè egzamine ou.
👉 Kazeyòm pa toujou yon maladi, men lè li repete souvan oswa li bay anpil pwoblèm, li merite yon evalyasyon medikal.
💬 Èske ou menm oswa yon moun ou konnen konn wè ti boul blan sa yo nan gòj li? Di nou nan kòmantè yo! 👇
pa bliye pataje paj la pou plis moun ka jwenn bon infò 👍
Miss PAUL